Plis Pase 222 Ane, Nou Kanpe devan Tout Kalite Eprèv
Lè ou travay avèk nou, ou pa sèlman soutni yon biznis kreyatif—ou patisipe nan yon mouvman k ap bay pèp nou yon nouvo vizaj, ranfòse fyète nou epi enspire yon jenerasyon
Nou dwe bati yon peyi ki respekte anviwònman an, prezève eritaj achitektiral nou. Sa ap garanti sekirite, konfò ak byennèt moun k ap viv ladan.
Nòmalyen
Donel Phanor
Lè nou bay jèn yo bon jan edikasyon ak bon egzanp, nou bay Hayti plis chans pou l avanse
Komèsan
Nancy Etienne
Si plizyè ti machann mete kapital, eksperyans ak lide yo ansanm, yo kapab fòme koperativ, antrepriz oswa gwo sant komèsyal. Konsa, yo ap kapab achte machandiz an gwo pou pi bon pri, jwenn lokal ki pwòp ak sekirize, anboche plis moun, peye travayè regilyèman epi ofri kliyan yo pi bon sèvis.
Mizisyen
Masta Preacha
Rap se pa sèlman amizman; li se yon zouti ki kapab edike, rasanble moun epi pote espwa. Mwen kontan pataje eksperyans mwen, paske mwen kwè chak atis gen yon wòl pou l jwe nan devlopman peyi a.